Avril/Me 2019
 

Jounen Ànyèl “Ride & Play” Tri-Rail La Ofri Amizman Abò Pou Fanmi Yo Nan Samdi 27 Avril

N envite rezidan ak vizitè yo nan Sid Florida pou yo sote abò Tri-Rail pou eksplore, achte, manje epi jwe pandan yo prale nan atraksyon pou fanmi ki pi popilè yo nan Sid Florida pandan Jounen “Ride & Play” Tri-Rail la nan samdi 27 avril. Pasaje Tri-Rail yo kapab montre biyè tren valide yo nan atraksyon ak magazen rejyonal yo nan konte Miami-Dade, Broward ak Palm Beach pou pwofite rabè ak òf espesyal pandan pwomosyon eksklizif sa a.

“‘Ride & Play” se youn nan pwogram ànyèl nou genyen ki pi popilè yo ki pèmèt fanmi yo fasilman viv sa ki pi bon nan Sid Florida epi an menm tan jwi yon varyete divètisman abò,” Bonnie Arnold, ajan enfòmasyon pou SFRTA/Tri-Rail, te deklare. “Avèk yon pri fiks $5 pou sèvis tren pandan tout jounen an pandan wikenn ak jou ferye, se yon jan ideyal ak eksepsyonèlman bon mache pou pase tan bon kalite ansanm epi an menm tan eksplore atraksyon ki pote pri, mize ak destinasyon pou achte.

Nan kad “Ride & Play” Tri-Rail la, pasaje yo pral jwi amizman abò pou tout laj nan sèten tren (P669 ak P671 ki pral nan sid yo, oswa P670 ak P672 ki pral nan nò yo) avèk pèsonaj degize, atis balon, majisyen, kado ak chans rankontre pèsonalite nan radyo popilè tankou Y100, HOT 105, Amor 107.5 ak KOOL 105.5. Anplis de sa, pasaje yo ap jwi pri admisyon, rabè ak òf espesyal nan atraksyon rejyonal popilè lè yo montre yon tikè Tri-Rail valide oswa yon Kat EASY Card nan kote sa yo:

  • Bayside Marketplace – Resevwa yon kado gratis kèlkeswa sa w achte nan GUESS (valid sèlman nan GUESS Bayside Marketplace ak nan GUESS Accessories Bayside Marketplace jiskaske estòk la fini)
  • Vizcaya Museum & Gardens - $2 rabè sou chak admisyon granmoun nòmal (li pa kapab konbine avèk lòt òf)
  • Museum of Discovery & Science - Jwi $2 rabè sou chak admisyon nan mize a, sèlman
  • Xtreme Action Park – Yon Kat Jwèt pou inèdtan jwèt videyo gratis (limit yon sèl pa pèsonn)
  • Palm Beach Zoo & Conservation Society – Jwi $5 rabè sou nenpòt ki admisyon pri nòmal (jiska 4 pa gwoup; li pa kapab konbine avèk ankenn lòt òf)
  • Pasaje Tri-Rail yo kapab pran tren apatide 18 ga nan kote fasil chak inèdtan pandan wikenn ak jou ferye. Sèvis tren an disponib chak jou nan ane a avèk koneksyon otobis ak Metrorail. Pri biyè Tri-Rail yo pandan wikenn se sèlman $5 tan zan tan epi timoun ki gen mwens pase laj 5 an monte gratis. Timoun laj ant 5 ak 12 an resevwa yon rabè 50% lè yo pran yon Kat EASY Card nan men yon Ajan Ga Tri-Rail nan ga West Palm Beach, Pompano Beach, Fort Lauderdale Airport, Metrorail Transfer ak Miami Airport yo.

    Pou jwenn plis enfòmasyon sou “Ride & Play” Tri-Rail la oswa pou jwenn orè tren yo, ale sou www.tri-rail.com/ride-and-playoswa rele 1-800-TRI-RAIL.

     

     

    English

    Back to top

     
     



    SOUTH FLORIDA REGIONAL
    TRANSPORTATION AUTHORITY

    801 NW 33rd Street | Pompano Beach, Florida 33064
    954-942-RAIL (7245) | 1-888-GO-SFRTA (467-3782)
    www.sfrta.fl.gov


    Governing Board

    Commissioner
    Esteban L. Bovo Jr.,
    Chair
    Andrew Frey
    Frank Frione
    Nick A. Inamdar
    Gerry O'Reilly

    F. Martin Perry
    Commissioner Tim Ryan, Vice Chair
    James A. Scott
    Commissioner Hal R. Valeche
    Robert C. L. Vaughan

    Executive Director
    Steven L. Abrams

    954-357-8400
    www.broward.org/bct

    1-877-930-4287
    www.palmtran.org

    305-770-3131
    www.miamidade.gov

    1-800-TRI-RAIL
    www.tri-rail.com