Oktòb/Novanm 2018
 

Yo Chwazi "Komisé Vwayajé A" Kóm Direkté Egzekitif SFRTA

Yo chwazi Komisè Konte Palm Beach la Steven L. Abrams kòm Direktè Egzekitif Otorite Transpò Rejyonal Sid Florida a (South Florida Regional Transportation Authority, SFRTA) pandan reyinyon Konsèy Administratif la ki te fèt nan vandredi. Komisè Abrams te sèvi nan konsèy administratif Òganis la apati 2010 epi li te demisyone nan konsèy la an me 2018 pou antre nan pwosesis chèche pòs Direktè Egzekitif la. Li te sèvi kòm prezidan Konsèy Administratif la ant jiyè 2012 ak jen 2014 epi ankò ant jiyè 2017 ak jen 2018. Li pral ranplase Jack Stephens, ki se Direktè Egzekitif depi fevriye 2014, epi ki planifye pou pran retrèt li lè kontra li an ekspire nan dat 31 desanm 2018.

Yo vin konn Komisè Abrams kòm “Komisè Vwayajè a” poutèt li te premye manm nan Konsèy Administratif SFRTA ki te konn regilyèman pran Tri-Rail, ki sou administrasyon SFRTA tou. “Mwen gen yon pèspektiv pasaje,” Abrams te di. “Mwen konnen dirèkteman sa Tri-Rail reprezante pou ekonomi Sid Florida a lè chak jou ansanm avèk plizyè milye travayè, etidyan, ak touris m ap deplase nan tren nou an toupatou nan rejyon an.”

Abrams gen anpil eksperyans nan sèvis piblik. L ap sèvi nan Konsèy Komisè Konte Palm Beach la kòm reprezantan Distrik 4 depi 2009. Manda li ap fini nan pòs la novanm sa a. Li se ansyen majistra Boca Raton, kote yo te eli l an 2001 epi re-eli l an 2003 san opozisyon, epi ankò an 2005 avèk leplis vòt ki janm genyen nan listwa vil la. Yo te nonmen li Majistra Emerit lè li te retire tèt li an 2008 poutèt limit yo nan manda a. Nan Konte Palm Beach, Komisè a te sèvi senk manda kòm manm Konsèy Minisipal nan Boca Raton ant 1989 ak 1999 epi li te manm Konsèy Planifikasyon ak Zònay vil la ant 1987 ak 1989.

Pandan dire fonksyon li an kòm Prezidan SFRTA, Konsèy Administratif SFRTA a te deziyen Komisè Abrams pou reprezante Otorite a nan negosyasyon yo avèk All Aboard Florida. Efò Komisè Abrams yo te inestimab nan elaborasyon akò pou mennen sèvis Tri-Rail dirèk anbalavil Miami nan nouvo ga a, ki rele MiamiCentral. Abrams se yon ansyen prezidan Lig Vil yo nan Konte Palm Beach epi li se yon manm konsèy fondatè Lig Majistra yo nan Florida.

“Kòm yon pasaje regilye ki konsakre a misyon SFRTA a depi anpil lane, mwen anchante gen opòtinite fè Tri-Rail vanse” Abrams te deklare. “Sekirite rete premye priyorite a pou Tri-Rail pandan n ap travay tou pou jwenn finansman epi amelyore sèvis. Mwen remèsye konsèy administratif la pou konfyans li epi direktè egzekitif sòtan an Jack Stephens pou lidèchip li. N a wè abò!”

English


SOUTH FLORIDA REGIONAL
TRANSPORTATION AUTHORITY

801 NW 33rd Street | Pompano Beach, Florida 33064
954-942-RAIL (7245) | 1-888-GO-SFRTA (467-3782)
www.sfrta.fl.gov

Governing Board

Commissioner
Esteban L. Bovo Jr.,
Chair

Andrew Frey
Frank Frione
Nick A. Inamdar

Gerry O'Reilly
F. Martin Perry
Commissioner Tim Ryan, Vice Chair
James A. Scott
Commissioner Hal R. Valeche
Robert C. L. Vaughan
Executive Director
Jack L. Stephens

954-357-8400
www.broward.org/bct

1-877-930-4287
www.palmtran.org

305-770-3131
www.miamidade.gov

1-800-TRI-RAIL
www.tri-rail.com