June/July 2019
 

 

YON GRENN KATASTWÒF SIFI POU DEVASTE YON KOMINOTE

Pa gen moun ki te rete nan Sid Florida nan mwa dawout 1992 k ap konteste pawòl Daniel Kniewski yo, Administratè Adjwen pou Rezistans la nan FEMA. Siklòn Andrew te pase sou Konte Miami-Dade ap plati prèske tout bagay sou wout li – Homestead, Florida City, Naranja Lakes ak County Walk. Yo te rele yon sistèm tren kominotè ki te fèk parèt, Tri-Rail, ki te gen 3 zan lè sa a, pou vin ede nan efò rekiperasyon ak rekonstriksyon an. Anplwaye yo te pote tèt yo volontè pou sèvi kèlkeswa jan yo te kapab. Yon jèn sistèm transpò piblik te vin totalman fè pati kominote li an, an pati poutèt devastasyon yon lannwit efreyan te pote.

27 lane pi ta. Tri-Rail se chenndo transpò piblik la nan Sid Florida, ap pote plis pase 4 milyon pasaje pa ane, epi li toujou pran preparasyon pou siklòn oserye menm jan li te fè li sa fè prèske 3 dizèn lane, si se pa pi oserye toujou. “Nou prepare tout pèsonèl nou an epi nou pare,” se sa Direktè Egzektif SFRTA Steven Abrams deklare. Touswit anvan kòmansman sezon siklòn nan, Mesye Abrams rasanble pèsonèl esansyèl la pou revize preparasyon ak plan rekiperasyon founisè sèvis yo nan domèn operasyon, sekirite, mentnans, ak lokal. Nan zafè siklòn, pa gen bagay tankou pare twòp, keseswa yon sistèm transpò oswa yon fanmi.

NOAA predi yon sezon siklòn prèske nòmal pou Atlantik la. Yo prevwa ant 9 ak 15 tanpèt avèk non k ap gen vitès omwen 39 mil pa è, 4-8 siklòn avèk van k ap gen vitès omwen 74 mil pa è, ak 2-4 gwo siklòn, kategori 3, 4, oswa 5 avèk van k ap gen vitès omwen 111 mil pa è. Keseswa yon Kategori 1 oswa yon Kategori 5, ou pa kapab sirestime konsekans yo sou fanmi w, zanmi w ak tèt pa w.

SFRTA vle pou pasaje li yo ak pwòch yo pridan, pare epi pwoteje. Se moman nan ane a kote n ap raple pasaje nou yo pwosedi pou siklòn nou yo. Se SFRTA ki pran desizyon yo sou lè ray yo ak sèvis la ap fèmen. Kou van san rete yo rive a 35 mil pa è, li vin nesesè pou nou sispann sèvis pou sekirize baryè yo. Politik nou an te toujou ye, epi li kontinye ye, pou nou pa mennen pasaje nan yon destinasyon si nou pa sèten nou kapab mennen yo tounen pi ta. Se pou pwoteksyon ak sekirite pasaje nou yo ak fanmi yo.

Nimewo pou rele sèvis pou kliyan an 1-800-TRI-RAIL (874-7254), sit wèb la www.tri-rail.com, paj Facebook ak Twitter yo, ak medya lokal yo se pi bon sous ou pou enfòmasyon ak nouvèl nan ka tanpèt. Nou gen manm pèsonèl ki rete nan Sant Operasyon yo 24 sou 24, 7 jou sou 7 pou kenbe kominikasyon, sòf si ta gen difikilte teknik nou pa t prevwa jan sa te rive avèk Siklòn Irma an 2017.

N espere ou p ap bezwen enfòmasyon sa yo, men fòk ou toujou mande tèt ou lè yon lòt gwo tanpèt ap frape. Moman pou pare a se kounye a. Pa tann lè yon tanpèt ap pwoche. Lè sa a li siman deja twò ta. Ou dwe gen yon plan pou kenbe tèt ou ak fanmi w an sekirite. SFRTA gen youn.

 

English


 
 


SOUTH FLORIDA REGIONAL
TRANSPORTATION AUTHORITY

801 NW 33rd Street | Pompano Beach, Florida 33064
954-942-RAIL (7245) | 1-888-GO-SFRTA (467-3782)
www.sfrta.fl.gov


Governing Board

Commissioner
Esteban L. Bovo Jr.
Andrew Frey
Frank Frione
Nick A. Inamdar
Gerry O'Reilly

F. Martin Perry
Commissioner Tim Ryan, Chair
James A. Scott
Commissioner Hal R. Valeche
Vice Chair
Robert C. L. Vaughan

Executive Director
Steven L. Abrams

954-357-8400
www.broward.org/bct

1-877-930-4287
www.palmtran.org

305-770-3131
www.miamidade.gov

1-800-TRI-RAIL
www.tri-rail.com