Jen/Jiyé 2018
 

 

KONSÈY ADMINISTRASYON, OFISYÈL KI ELI, ANSANM AK MANM ESTAF LA RANKONTRE POU INOGIRE NOUVO SANT OPERASYON AN


Manm ki te la deja oswa manm ki la kounye an nan Konsèy Administrasyon Otorite Transpò Rejyonal Sid Eta Florid (South Florida Regional Transportation Authority, SFRTA) an, ofisyèl eli y oak manm estaf kit e la deja oswa ki la kounye an te fèk ranontre pou inogirasyon nouvo Sant Operasyon SFRTA an (SFRTA Operations Center). Aprè kèremak ann entwodiksyon Vis-Prezidan Andrew Frey te pwononse, plis pase 200 envite te envite manke yon dejne lejè epi yo te jwenn opòtinite pou fè lepwen ak zanmi lontan yo.

Pandan Misye Frey t ap fè entwodiksyon li an, li te deklare tou: “Aprè anpil ane kote nou t ap travay nan biwo prensipal ki te tanporè, Ajans la vin antre kounye an nan etablisman ki pèmanan ki kapab resevwa tout aktivite yo anba menm twa a. Sa pèmèt amelyore nivo kominikasyon ak efikasite ki favorab kanmenm pou pasaje nou yo.”

Kanpis la gen ladann Sant Operasyon an, yon Estasyon Pompano Beach Station ki renove yo konstwi ak estanda sètifikasyon LEED, epi yon garan 4 etaj, ki ofri pasaje, vizitè ak anpwlaye estaf yo 472 plas paking. Se konpayi Gulf Building kit e konstwi li epi se Adminitrasyon Transpò Federal (Federal Transit Administration) ki finanse li, ansanm ak yon Prè Lajan Enfrastrikti Leta (State Infrastructure Bank Loan), Depatman Transpò Eta Florid (Florida Department of Transportation), ansanm ak sipò lokal Konte yo.

Sant Operasyon an gen ladann tout depatman yo bezwen pou jere sistèm tren pasaje-retou: operasyon ak antretyen, dispatch, sèvis kliyan, planifikasyon, enjenyeri ak konstriksyon, finans, sekirite ak pwoteskyon, teknoloji enfòmasyon, resous imèn, kontra acha piblik, sèvis jiridik ak administrasyon.

Nouvo estasyon an amelyore grasa nouvo pano solè ki founi 100% elektrisite ki nesesè pou fè fonksyone etablisman an. Jaden yo gen plant natifnatal ki pa bezwen anpil dlo. Yon pon pou pyeton pèmèt pasaje yo deplase soti yon platfòm janbe nan yon lòt san yo pa bezwen travèse ray chemendfè yo nan pasaj ki rezève pou pyeton yo sou vwa tren yo. Estasyon an gen tou nouvo kazye ki sekirize pou bisiklèt, estasyon chajman batri pou veyikil eletrik ak anpil aksè nan paking.

Misye Frey te fin fèmen seremoni inogirasyon an kote li te di: “Etablisman sa a, nenpòt sistèm transpò nan Eta a ta fyè pou travay ladann.”

English


SOUTH FLORIDA REGIONAL
TRANSPORTATION AUTHORITY

801 NW 33rd Street | Pompano Beach, Florida 33064
954-942-RAIL (7245) | 1-888-GO-SFRTA (467-3782)
www.sfrta.fl.gov

Governing Board

Commissioner
Esteban L. Bovo Jr.,
Chair

Andrew Frey,
Frank Frione
Nick A. Inamdar

Gerry O'Reilly
F. Martin Perry
Commissioner Tim Ryan, Vice Chair
James A. Scott
Commissioner Hal R. Valeche
Robert C. L. Vaughan
Executive Director
Jack L. Stephens

954-357-8400
www.broward.org/bct

1-877-930-4287
www.palmtran.org

305-770-3131
www.miamidade.gov

1-800-TRI-RAIL
www.tri-rail.com