Fevrye/Mas 2019
 

SFRTA Anonse Restriktirasyon Nan Direksyon Jeneral La Ak Pwomosyon

Direktè Egzekitif Otorite Tranpò Rejyonal Sid Florida a (South Florida Regional Transportation Authority, SFRTA) Steven L. Abrams anonse restriktirasyon ekip direksyon jeneral la ak pwomosyon plizyè manm nan pèsonèl la. Yo nonmen Christopher C. Bross, CPPO, Direktè Egzekitif Adjwen Operasyon. Yo nonmen Dianelys Hernandez Del Calvo Direktè Egzekitif Adjwen Administrasyon /Ajan EEO. Loraine Kelly-Cargill, Direktè Planifikasyon ak Devlòpman Kapital; Dtè. Ralph E. Rapa, Direktè Operasyon; Mesye David Trabal, Direktè Resous Imen; ak Vicki Wooldridge, Direktè Afè Gouvènman jwenn pwomosyon nan nivo direktè. Pwomosyon yo vin an vigè touswit.

Steven L. Abrams te vin Direktè Egzekitif nan SFRTA an desanm 2018 apre li te fin sèvi kòm manm nan Konsèy Administratif la pandan prèske dis lane, sa gen ladan de manda kòm Prezidan. “Li te tan pou bat kat yo epi kiyès ki kapab ranpli pòs direksyon vid yo pi byen pase manm yo nan ekip direksyon jeneral ki la deja a, ki ant yo gen plis pase yon syèk eksperyans nan SFRTA,” Mesye Abrams te eksplike.

Pou konplete ekip direksyon jeneral la gen Brandy Creed, Direktè Enjeniri ak Konstriksyon; Renee Matthews, Kontwolè ak Direktè Teknoloji Enfòmasyon; Allen Yoder, Direktè Site ak Sekirite; Bonnie Arnold, Ajan Enfòmasyon; Teresa Moore, Konseye Jiridik; ak Noel Pfeffer, Konseye Jiridik Adjwen.

 

Christopher C. Bross

Christopher C. Bross, CPPO, Direktè Egzekitif Adjwen Operasyon, te anvan sa Direktè Apwovizyònman pou SFRTA, kote li te sèvi kòm ajan anchèf pou negosyasyon kontra pandan plis pase 14 lane. Li te agreye kòm Ajan Acha Piblik Sètifye Anchèf an me 2003 epi li te resètifye an me 2018. Nan nouvo fonksyon li an, li pral sipèvize Depatman Operasyon, Site ak Sekirite, Enjeniri, Apwovizyònman ak Teknoloji Enfòmasyon Ajans la. Mesye Bross te kòmanse karyè li nan SFRTA an jiyè 1996. Anvan sa, li te anplwaye nan Kòporasyon Asirans Depo Federal la (Federal Deposit Insurance Corporation, FDIC) nan Washington, D.C. Mesye Bross te gradye nan University of South Florida, kote li te resevwa yon Lisans an Syans nan jesyon antrepriz avèk konsantrasyon nan finans.

 

Dianelys Hernandez Del Calvo, Direktè Egzekitif Adjwen Administrasyon, sèvi nan SFRTA kòm Direktè Administrasyon/Ajan EEO pandan plis pase 14 lane. Nan nouvo fonksyon li an, li pral sipèvize Depatman Administrasyon, Resous Imen, Finans, ak Planifikasyon ak Devlòpman Kapital Ajans la, epitou Biwo Apwòch Konpayi ak Kominote a, Pwogram Dwa Sivil la, Pwogram Jesyon Dosye a, Administrasyon Konsèy ak Biwo Egzekitif. L ap travay nan SFRTA depi prèske 20 lane epi li gen plis pase 25 lane eksperyans nan administrasyon. Li gen yon Lisans an Syans li te resevwa nan men Florida State University nan jistis penal, yon Metriz nan Administrasyon Piblik li te resevwa nan men Nova Southeastern University ak yon Sètifika Jesyon Transpò li te resevwa nan men University of Miami.

Dianelys Hernandez Del Calvo

 

Loraine Kelly-Cargill

Loraine Kelly-Cargill, AICP, Direktè Planifikasyon ak Devlòpman Kapital, ap sèvi nan SFRTA depi plis pase 20 lane nan diferan fonksyon andedan depatman an. Li te kòmanse karyè pwofesyonèl li nan Ajans la an 1994 epi li gen yon Lisans an Syans nan finans li te resevwa nan men Florida Atlantic University ak yon Metriz nan Administrasyon Antrepriz li te resevwa nan men University of Phoenix. Li se yon planifikatè sètifye tou nan Enstiti Ameriken Planifikatè Sètifye yo (American Institute of Certified Planners). Madan Kelly-Cargill se Ansyen Prezidan Branch Fort Lauderdale la pou Conference of Minority Transportation Officials (COMTO) epi li se manm depi lontan nan Komite Direktè Nasyonal Rail-Volution nan.

 

Dtè. Ralph E. Rapa, Direktè Operasyon, te fèt nan Jeanette, PA. Li te gradye avèk yon Lisans an Syans nan jesyon antrepriz nan men Saint Vincent College nan Latrobe, PA. Li te Prezidan Pwomosyon 1987 la epi li te yon jwè lakwòs remakab. Li gen plis pase 12 lane eksperyans nan chemennfè, kòmanse avèk Sèvis Abò Amtrak yo an 2006. Li t ale nan Veolia Transportation (kounye a Transdev) an 2007 kote li te sèvi kòm Manadjè Kominikasyon ak Sipèvizè Site ak Sekirite. Li se yon chofè sètifye pou tren pasaje, ak yon enjenyè sètifye nan lokomotiv apre li te kòmanse kòm apranti chofè. Gradye nan Albizu University nan Miami, FL, Dtè. Rapa gen diplòm Metriz an Syans ak Doktora an Sikoloji nan sikoloji klinik. Avèk 17 lane eksperyans ap anseye nan kolèj, li se yon pwofesè oksilyè tou nan Barry University nan Miami Shores, ak yon manm kò pwofesè a nan kanpis Sid Florida a nan University of Phoenix.

Dr. Ralph E. Rapa

 

 

M. David Trabal

Mesye David Trabal, SHRM-CP, Direktè Resous Imen, te vini nan Otorite Transpò Rejyonal Sid Florida a an 2008, epi li te jwenn pwomosyon Direktè Resous Imen apre li te fin sèvi kòm Manadjè Resous Imen ak Sipèvizè Sèvis pou Kliyan. Yon Pòtoriken nan Etazini ki te grandi nan Bronx, NY, li gen plis pase de dizèn lane eksperyans nan jesyon ak responsabilite kwasan nan konpayi Fortune 500, 100, ak 50. Li resevwa yon Lisans avèk Distenksyon nan men Lekòl Biznis Florida Atlantic University a nan Boca Raton, FL, kote li te fè pwogram Jesyon Resous Imen an tou nan Fòmasyon Kontini pou Kad Kolèj Biznis la.

 

 

Vicki Wooldridge, Direktè Afè Gouvènman, te vini nan SFRTA an 2008 kòm Manadjè Afè Gouvènman. Li se yon pwofesyonèl lejislatif akonpli ki gen prèske 25 an eksperyans pwouve nan teren règleman ak politik la nan nivo federal, eta ak lokal nan gouvènman an. Antanke kolektè fon reyisi, li ede double fon ki te tabli an pou bous pou Branch Fort Lauderdale la pou Conference of Minority Transportation Officials la (COMTO), kote li te ranpli wòl trezorye. Li te gen pòs tou kòm Direktè Operasyon Sikisal pou Kolektè Taks Konstitisyonèl la, nan Konte Palm Beach; li te pwopriyetè/direktè VictoryWorks Governmental Consulting, epi te sèvi kòm Asistan Lejislatif Adjwen nan Chanm Reprezantan Florida a.

Vicki Wooldridge

 

English

 

SOUTH FLORIDA REGIONAL
TRANSPORTATION AUTHORITY

801 NW 33rd Street | Pompano Beach, Florida 33064
954-942-RAIL (7245) | 1-888-GO-SFRTA (467-3782)
www.sfrta.fl.gov

 

Governing Board

Commissioner
Esteban L. Bovo Jr.,
Chair

Andrew Frey
Frank Frione
Nick A. Inamdar

Gerry O'Reilly
F. Martin Perry
Commissioner Tim Ryan, Vice Chair
James A. Scott
Commissioner Hal R. Valeche
Robert C. L. Vaughan
Executive Director
Steven L. Abrams

954-357-8400
www.broward.org/bct

1-877-930-4287
www.palmtran.org

305-770-3131
www.miamidade.gov

1-800-TRI-RAIL
www.tri-rail.com