FEBRUARY / MARCH 2018
 

Monte nan tri-rail pou ale nan antrenman peryòd prentan pou $5 ale-retour epi fwape fò epi pran plezi w wikenn sa a

Antrenman Prentan ap fwape fò pou rezidan ak touris nan Sid Eta Florid kapab pran plezi yo pandan yon wikenn lè yo monte Tri-Rail pou rive nan FITTEAM Ballpark nan Palm Beaches pou sèlman $5 pou chak moun ale-retour (timoun ki poko gen 5kan kapab monte gratis). Chak samdi ak chak dimanch soti 24 fevriye jiska 25 mas, pasaje Tri-Rail yo kapab jwi tout eksitasyon ki gen pou wè ak baseball, anplis de yon koneksyon ki dire 10 minit nan yon tibis navèt ki la pou transpòte yo sèlman soti nan Estasyon Mangonia Park Station rive nan Ballpark la epi retounen. Avantaj Tri-Rail yo gen ladann tou pakin gratis nan 18 estasyon ki byen plase nan Miami, Fort Lauderdale ak Palm Beach, epi gen wi-fi gratis nan tout estasyon ak nan tout tren yo.

“Tarif Wikenn Tri-Rail $5 an pou Tout Jounen ki se yon tibis gratis dirèk soti nan tren an rive nan Ballpark lan se yon bon fason pou rezidan ak touris nan Sid Eta Florid kapab al gade match lig baseball premyè divizyon pwofesyonèl k ap pare pou nouvo sezon an.” Se sa Bonnie Arnold, ofisye enfòmasyon piblik lan pou SFRTA/Tri-Rail te deklare. Li di tou: “Mwayen transpò sou ray nou an ki pratik, ki gen lè kondisyone fè ke li vin trè popilè pou rete epi jwe nan Sid Eta Florid pandan Antrènman Peryòd Lete.”

Evènman ki pwograme ane sa a se:
• Samdi, 24 fevriye                  Houston Astros vs. Atlanta Braves
• Dimanch, 25 fevriye              Washington Nationals vs. Atlanta Braves
• Samdi, 3 mas                        Houston Astros vs. Washington Nationals
• Dimanch, 4 mas                    Washington Nationals vs. Detroit Tigers
• Samdi, 10 mas                      Houston Astros vs. Washington Nationals
• Dimanch, 11 mas                  Washington Nationals vs. St. Louis Cardinals
• Samdi, 17 mas                     Washington Nationals vs. New York Mets
• Dimanch, 18 mas                  Houston Astros vs. Atlanta Braves
• Samdi, 24 mas                     Washington Nationals vs. Miami Marlins
• Dimanch, 25 mas                 Washington Nationals vs. St. Louis Cardinals

Tout match yo ap kòmanse a 1è:05 p.m. Achte tikè yo pou match baseball yo nan www.ballparkpalmbeaches.com 

Tri-Rail gen tren sikile chak èdtan nan wikenn ak nan jou ferye. Gen tren k ap woule chak jou nan ane an avèk koneksyon nan bis ak nan Metrorail. Tarif Tri-Rail pandan wikenn se sèlman $5 pou pass pou Tout Jounen an epi timoun ki poko gen 5kan kapab monte gratis. Timoun ki gen ant 5kan ak 12zan ap resevwa yon rabè 50%, lè yo jwenn EASY Card la nan men yon Ajan ki nan yon Estasyon Tri-Rail nan estasyon West Palm Beach, Pompano Beach, Ayewopò Fort Lauderdale, Metrorail Transfer ak Ayewopò Miami.

Pou planifye jounen ou pral pase nan Ballpark la epi pou chèche jwenn orè tren yo, al gade nan http://www.tri-rail.com/spring-training oswa rele nan 1-800-TRI-RAIL.

Back to English Version


SOUTH FLORIDA REGIONAL
TRANSPORTATION AUTHORITY

801 NW 33rd Street | Pompano Beach, Florida 33064
954-942-RAIL (7245) | 1-888-GO-SFRTA (467-3782)
www.sfrta.fl.gov

Governing Board

Commissioner
Steven L. Abrams,
Chair

Commissioner
Bruno A. Barreiro,
Vice Chair

Andrew Frey
Frank Frione

Nick A. Inamdar
Gerry O'Reilly
F. Martin Perry
Commissioner Tim Ryan
James A. Scott
Robert C.L. Vaughan
Executive Director
Jack L. Stephens

954-357-8400
www.broward.org/bct

1-877-930-4287
www.palmtran.org

305-770-3131
www.miamidade.gov

1-800-TRI-RAIL
www.tri-rail.com