Desanm 2018/Janvye 2019
 

Tri-Rail Ap Selebre 30YÈM Anivésé Li Nan Dat 9 Janvye 2019

Otorite Transpò Rejyonal Sid Florida a (South Florida Regional Transportation Authority, SFRTA) pral selebre 30yèm anivèsè dat yo te lanse sèvis Tri-Rail la nan mèkredi 9 janvye 2019. Pou make okazyon an pèsonèl SFRTA k ap travay nan sèten tren pandan lè ki gen plis sikilasyon yo pral eksprime apresyasyon yo pou pasaje yo epi bay yon kado ki komemore 30yèm anivèsè Tri-Rail la. Nouvo Direktè Egzekitif SFRTA a, ki se ansyen Komisè Konte Palm Beach la ak yon vwayajè toulejou nan Tri-Rail, Steven L. Abrams, pral monte tren an tou pou prezante tèt li bay pasaje yo nan nouvo wòl li a.

“Nou anchante anpil dèske n ap selebre 30yèm anivèsè Tri-Rail la. Ajans la fè anpil pwogrè depi lansman li sa fè 30 lane. Nou vin yon pati esansyèl nan estrikti Sid Florida a, nan ede rezidan yo ak vizitè yo deplase nan rejyon an epi an menm tan nan retire machin sou wout yo. Jounen jodi a nou vle remèsye pasaje Tri-Rail yo pou soutyen yo pandan ase sa yo”, Abrams te deklare. Sou plan pèsonèl, mwen pa ka tann salye pasaje tren parèy mwen yo nan kad nouvo fonksyon mwen an pandan m ap kontinye pran tren avèk yo pou rive nan pwochen chapit sèvis Tri-Rail la nan rejyon nou an.”

Tri-Rail transpòte plis pase 92 milyon pasaje depi li te kòmanse sèvis li nan dat 9 janvye 1989. Li vin resous transpò referans la pou moun ki pral travay yo, etidyan yo, moun k ap vwayaje pou plezi yo, jèn yo epitou sitwayen aje yo. Li rive nan anpil atraksyon popilè, sant dacha, sant dafè ak etablisman ansèyman, epi konsa desantralize opòtinite anplwa yo pou tout moun Sid Florida yo, sa ki amelyore vitalite ekonomik zòn nan.

Anpil pasaje konsidere pasaje parèy yo ak ekipaj tren an kòm fanmi yo. Ane apre ane, tren Tri-Rail sèvi kòm sèn pou fèt fendane, maryaj ak resepsyon kado pou tibebe, epi menm dine Thanksgiving. Santiman sa a jwenn ankourajman an pati poutèt lonjevite chofè ak enjenyè yo. SFRTA salye senk manm nan ekipaj tren an k ap fè tren yo fonksyone depi premye jou sèvis la: chofè Juan Fernandez, Barry Eames, ak Michael Eames; epi enjenyè Larry Maddox ak Andy D’Egidio.

Yo te kreye Tri-Rail kòm yon mezi pwovizwa sou senk lane pou redui blokis pandan I-95 te an konstriksyon. Depatman Transpò Florida a (Florida Department of Transportation, FDOT) te kòmanse planifikasyon sèvis tren rejyonal la an 1983. Kounye a sou administrasyon SFRTA, Tri-Rail se yon eleman enpòtan nan rezo transpò Sid Florida a ki toujou ap evolye. Achèvman Pwogram Amelyorasyon Koridò Doub Vwa a (Double Track Corridor Improvement Program) an 2006 ak Pon New River a an 2007, te pèmèt Tri-Rail ogmante orè li a ki kounye a se 50 tren pa jou pandan lasemèn ak 30 tren pa jou pandan wikenn ak jou konje. Li fonksyone 365 jou pa ane.

English


SOUTH FLORIDA REGIONAL
TRANSPORTATION AUTHORITY

801 NW 33rd Street | Pompano Beach, Florida 33064
954-942-RAIL (7245) | 1-888-GO-SFRTA (467-3782)
www.sfrta.fl.gov

Governing Board

Commissioner
Esteban L. Bovo Jr.,
Chair

Andrew Frey
Frank Frione
Nick A. Inamdar

Gerry O'Reilly
F. Martin Perry
Commissioner Tim Ryan, Vice Chair
James A. Scott
Commissioner Hal R. Valeche
Robert C. L. Vaughan
Executive Director
Steven L. Abrams

954-357-8400
www.broward.org/bct

1-877-930-4287
www.palmtran.org

305-770-3131
www.miamidade.gov

1-800-TRI-RAIL
www.tri-rail.com