Out/Septanm 2018
 

 

PWOKLAMASYON SEMÈN KONSYANTIZASYON SOU SEKIRITE TREN POU 23-29 SEPTANM 2018


Nan lane 2017, Eta Florid te klase dezyèm nan tout peyi a pou kantite moun ki te mouri nan aksidan ant tren machandiz ak tren pasaje. Ototal, 43 moun te pèdi lavi yo akòz franchisman baryè sekirite epi yo monte sou ray tren yo epi 21 moun mouri nan kolizyon nan pasaj anivo yo.

Otorite Transpò Rejyonal Sid Eta Florid (South Florida Regional Transportation Authority, SFRTA)/Tri-Rail) ap kolabore ak Depatman Transpò Eta Florid (Florida Department of Transportation, FDOT), SunRail ak Brightline pou chanje estatistik sa yo. Yo te deklare semèn 23-29 septanm lan Semèn Nasyonal Konsyantizasyon sou Sekirite Tren (Train Safety Awareness Week, TSAW). Patnè yo angaje yo pou sove lavi moun; pou fè sa, yo vle fè ke tren Eta Florid yo se tren ki pi sekirize nan tout peyi a grasa yon pwogram edikasyon solid pou enfòme piblik la osijè konpòtman ki apwopriye ak legal ozalantou ray tren ak tren yo.

Pandan TSAW an, anplwaye asosye yo pral desann nan estasyon ak nan pasaj pou travèse ray tren yo pou distribye enfòmasyon konsènan kesyon grav sa a. Pran kèk tan epi diskite ak youn nan reprezantan yo. Mini-fòmasyon rapèl sou sekirite a ta dwe pote anpil avantaj. Sa pa egziste pou moun panse yo pran twòp prekosyon ozalantou ray ak tren yo, yon konsèy sekirite moun ta toujou dwe sonje tout tan. Men kèk rapèl sekirite yo pral pataje ak piblik la pandan TSAW an:
• Chofè, pyeton ak moun sou bisiklèt dwe travèse ray yo sèlman nan kote ki deziyen pou sa, anmenmtan yo dwe obeyi siyal pou travèse yo.
• Evite distraksyon tankou selilè, ekoutè nan zòrèy ak tablèt.
• Monte sou ray yo san otorizasyon se yon bagay ki ilegal.
• Paske sikilasyon tren yo ap ogmante san rete nan Sid Eta Florid, moun ta toujou dwe atann yo gen yon tran k ap vini.

Pami lòt inisyativ sekirite SFRTA te patispe ladan yo, te gen yon patenarya avèk 211 Helpline (Nimewo Asistans 211) pou dekouraje moun ki vle tiye tèt yo nan yon kolizyon ak tren epi li te ankouraje moun chèche asistans pou anpeche sa. Yo please pano sou tout longè koridò chemendfè tren yo nan espwa pou gen yon enpak pozitif nan aktivitepou anpeche swisid. Ajans lan te mete anplas tou yon seri aktivite edikatif ak maketing yo te rele “Respekte Ray yo” pou simaye mesaj sekirite a pandan evènman kominotè ak prezantasyon, videyo, banyè anliy ak media sosyo. Siveye byen pou lè enfòmasyon sou sekirite rive sou ou!

English


SOUTH FLORIDA REGIONAL
TRANSPORTATION AUTHORITY

801 NW 33rd Street | Pompano Beach, Florida 33064
954-942-RAIL (7245) | 1-888-GO-SFRTA (467-3782)
www.sfrta.fl.gov

Governing Board

Commissioner
Esteban L. Bovo Jr.,
Chair

Andrew Frey,
Frank Frione
Nick A. Inamdar

Gerry O'Reilly
F. Martin Perry
Commissioner Tim Ryan, Vice Chair
James A. Scott
Commissioner Hal R. Valeche
Robert C. L. Vaughan
Executive Director
Jack L. Stephens

954-357-8400
www.broward.org/bct

1-877-930-4287
www.palmtran.org

305-770-3131
www.miamidade.gov

1-800-TRI-RAIL
www.tri-rail.com